WELCOME TO THE

Haitian Student Organization

SUNY@STONY BROOK

HOMEPAGE
     

HAITI WE SHOULDER YOU WITH HONOR, DIGNITY AND PRIDE

    HSO se klib etidyan Ayisyen ki lan Univèsite Stony Brook. Klib lan gen anpil objektif sou lekel l ap travay pandan tout epok ane skolè a. HSO ankadre etidyan yo lan milie akademik kolejial lan prokire yo resous ki nesesè pou pèmèt nenpòt etidyan exele lan etid li. Klib lan met sou pie anpil aktivite pou edike etidyan lekol la sou aktualite politik, sosyal ak ekonomik peyi dayiti. Edikasyon sa pemèt nou konsyantize sou pwoblèm peyi nou avek eseye jwen solisyon pou pwoblem sa yo ak konesans ke nou jwenn bò isi.    

    Lan sit sa, ou ap ka jwenn tout kalite enfòmasyon sou klib etidyan ayisyen lan Stony Brook. Si ou vle konen ki lò ak ki kote miting yo fet ou byen si ou ta vle jwenn enfòmasyon youn ti jan pi spesifik tan kou membership, konstitusyon klib la, ou byen menm enfòmasyon sou exekutif klib la,   ou ap jwen tout lan sit sa, jis fè youn gade konpatiman goch ekran a, epi klike sou link ki enterese ou.


[National Anthem] [Board Members] [Constitution] [up coming activities] [Meeting] [Membership] [Links]

Place by hsowebmaster.